• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY ARABI Saudi Pro League

Saudi Pro League

Cristiano Ronaldo sove Al-Nassr ayè nan dènye lè match la



19 oktòb 2024   Neuvième Junior   211

Pou kòmansman sezon an, Al Nassr deja sou 10èm match yo pou 0 defèt. Yè vandredi a, fòmasyon Sawoudyen an lache venn yo pandan yo ale rache yon siksè ki te parèt difisil fas klèb Yannick Carrasco a Al-Shabab (1-2).



Ak yon bon Aymeric Laporte kòm gid jòn e ble yo te rive frape nan (69èm minit, 0-1), men san pran tan, pitit gason Stefano Pioli yo te pèdi chalè yo a aprè yon 10 minit konsa akoz abit la te refize yon gòl senegalè a te fè poutèt òje.



Nan fen match la, sanksyon an te tonbe sou Cristiano Ronaldo ak koyekipye li yo aprè yon gòl Ali Al Hassan te fè nan pwòp kan li (90èm, 1-1). Tout moun te panse sa t ap fini ak yon nil, men abitye di non an Cristiano Ronaldo kapote bato a nan dènye lè pou bay Al-Nassr avantaj la sou penalite (1-2, 90+7). Pou grenn gòl li fè a, sa vin fè l 6èm gòl li nan 7 match.



Pou sitiyasyon an te vin pi grav, Mohamed Simakan te pran yon katon wouj kèk minit aprè (90+12èm), ak tout sa, Al-Nassr pran 3 pwen sa ki genyen yon gwo enpòtans pou yo. Nan klasman, zanmitay CR7 yo rete nan dezyèm plas la ak 4 pwen an mwens lidè Al-Hilal.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )