• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY ARABI Saudi Pro League

Saudi Pro League

Dominasyon Al-Hilal la kontinye nan Saudi Professionnal League la pou sezon an



19 oktòb 2024   Neuvième Junior   71

Nan premye pati sezon an, Al-Hilal kòmanse ap flannen nan SPL aprè 7 jounen. Jodi vandredi a, fòmasyon Al-Hilal la ki twouve l nan kapital la t ap resevwa Al-Feiha nan kad 7èm match konpetisyon an. Rankont pwoteje Jorge Jesus yo te resevwa vizitè yo nan KINGDOM ARENA.



Kontan paske vedèt klèb la sou wout pou fè gran retou li aprè pil tan absan. Ti mesye Al Hilal yo kontinye fè pale de yo men m jan sa te fèt sezon pase a. Avèk 3 bitè diferan ki se, Marcos Leonardo 5èm, Aldawsari 65èm ak Mohammed Al Qahtani 81èm minit, klèb Riyad la fè 7èm viktwa (3-0) pou demare jan yo te fè nan sezon pase a.



Nan klasman, Al-Hilal kontinye kenbe tèt klasman an ak 21 pwen e pwofite pran 6 pwen sou Al-Ittihad ki ap genyen pou l afwonte Al-Qadsiah demen samdi a. Tandiske ble yo ap genyen pou fè deplasman pou ale Emirats Arabes Unis pou defye Al-Ain nan Ligdèchanpyon Azyatik la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )