• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Anyssa Ibrahim chanpyon D2 nan peyi Almay ak ekip Turbine Postdam nan

sous: GolAyiti/imaj

26 Me 2024   Jacky Chéry   1800

Nan yon fen chanpyona avèk anpil sispenns, Turbine Potsdam ki genyen nan efektif li mitan tèren ayisyèn Anyssa Ibrahim ranpòte D2 an nan peyi Almay epi siyen retou li nan elit foutbòl alman an.



Fas Ingolstadt an deplasman nan kad 26èm jounen D2 a nan peyi Almay, FC Turbine Potsdam fè yon remontada (2-1) pou ranpòte tit chanpyon an nan yon fen chanpyona ki te chaje ak presyon.



Gras ak yon double Viktoria Schwalm enskri (63’,75’), koyekipye Anyssa Ibrahim, ki te sou ban pandan match sa, asire remonte yo nan premye divizyon foutbòl alman an. Turbine Potsdam fini chanpyona a ak 55 pwen, youn anplis ekip ki vini aprè l lan.



N ap raple, Anyssa Ibrahim ki pase yon sezon konplike nan klèb alman an kote l pa rive enpoze l nan chanpyona dezyèm divizyon alman an, p ap gen chans jwe D1 avèk Turbine Potsdam. Yon nouvèl klèb la te anonse semèn ki sot pase an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )