Nan okazyon 34èm e dènye jounen faz regilye MLS la, Philadelphia Union te resevwa ekip Cincinnati a nan subaru Parc la, Philadelphia Union tonbe 1-2 , aprè l te mennen 1-0. Danley jean jacques te rantre nan 15èm minit.
Ekip Philadelphia Union te deja konnen li p ap al jwe pleyòf depi aprè defèt fas a Orlando nan 35èm jounen an, Philadelphia Union te ouvè eskò a nan 2èm minit ak Sullivan, Cincinnati te egalize nan 45+4 minit, aprè poz la Glesnes te bay tèt li gòl se te nan premye minit nan dezyèm peryòd, 46 minit nan tout match la sa ki te bay ekip Cincinnati a avantaj 2-1, yon avantaj ki te kenbe pou jis match la fini.
Ekip Philadelphia Union nan fini nan 12èm plas klasman ès la ak 37pwen pandan Cincinnati fini nan 3èm plas klasman ès la ak 59 pwen.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou