Fafa Picault ak ekip li Vancouver Whitecaps te deplase pou afwonte ekip Real Salt Lake la nan America First Field samdi 19 oktòb la, match ki te konte pou 34èm e dènye jounen faz regilye MLS la, Vancouver tonbe 1-2 Fafa Picault rate penal.
Aprè yon premye peryòd ki fini 0-0 ekip Vancouver Whitecaps la te jwenn posiblite pou pran avantaj eskò a nan 52èm minit malerezman Fafa Picault te rate penal, nan 58èm minit Gauld te bay Vancouver avantaj la 1-0. Real Salt Lake te egalize 1-1 nan 73èm minit, Boehmer te bay tèt li gòl nan 82èm minit, sa ki te bay ekip Real Salt Lake la avantaj eskò a 2-1.
Defèt sa fè ekip Vancouver Whitecaps la rete ak 47 pwen nan 8èm plas klasman lwès la sa ki ba l dwa pou al diskite baraj pou pleyòf.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou