• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Lyon bat Wolfsburg avèk yon gwo Melchie Dumornay

sous: GolAyiti/imaj

17 oktòb 2024   Steve Pierre   253

Olympique Lyonnais kontinye bèl pèfòmans yo nan Lig Chanpyon an avèk yon dezyèm viktwa sou Wolfsburg (2-0). Melchie Daelle Dumornay te enplike nan tou de (2) gòl ekip li a malgre li pa t make.



OL montre ankò fòs li nan Lig Chanpyon an nan yon bèl match kont Wolfsburg kote yo ranpòte yon viktwa 2-0. Nan 8èm minit la, Melchie D. Dumornay te depoze yon bon balon sou tèt kapitèn Wendie Renard, ki ta pral make premye gòl Fenòt yo nan rankont lan.



Nan dezyèm mitan an, jwez Lindsey Horan te double avantaj la pou Lyon sou penalti nan 53èm minit. Penalti a te vin aprè yon fot alman an Janina Minge te fè sou Melchie andedan kare a. Pèfòmans Corventina a te ekstraòdinè nan match sa, kote aplikasyon SofaScore te ba li yon nòt de 8.6, pi wo pase tout lòt koyekipyè l yo. Pi pre li, se Wendie Renard ki te jwenn 8.2.



Malgre li pa t make pèsonèlman, Melchie te fè travay la sou tèren an e te montre tèt li kòm yon jwez kle nan viktwa Lyon an.



Aprè de (2) match, Lyon fè yon kous pafèt nan Lig Chanpyon an ak 6 pwen nan 6 posib, 5 gòl make e 0 gòl pran. Ekip la ap kontinye sou bon chemen an, e tout je ap rete sou jèn ayisyèn Melchie Dumornay ki kontinye fè Ayiti fyè.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )