• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay klase pami jwez U21 ki pi chè nan mond lan

sous: GolAyiti/imaj

17 oktòb 2024   Steve Pierre   309

Melchie Daelle Dumornay, pi gwo espwa Ayiti nan foutbòl fanm, klase kòm twazyèm jwez U21 ki pi chè nan foutbòl fanm nan k ap jwe Lig dè Chanpyon pou sezon 2024-2025, avèk yon valè sou mache a ki rive nan €175,000, daprè yon rapò ki sòti sou sit entènèt alman an soccerdonna.de.




Melchie Dumornay, ki se yon mèt nan mitan tèren Olympique Lyonnais ak seleksyon nasyonal Ayiti a, ap kontinye fè tèt li remake nan mond foutbòl la. Daprè yon dènye evalyasyon sou sit soccerdonna.de a, jwez la klase nan twazyèm pozisyon kòm youn nan jwez ki pi chè nan foutbòl fanm ki poko genyen plis pase 21 lane, nan mond lan, ak yon valè de €175,000.



Li klase dèyè sèlman de (2) gran non foutbòl fanm nan : Salma Paralluelo, atakan seleksyon Espay la ak FC Barcelona, ki genyen yon valè €400,000, ak Linda Caicedo, vedèt seleksyon Kolonbi a ak Real Madrid, ki evalye a €200,000. Melchie pataje twazyèm pozisyon an ak Mary Fowler (Manchester City) ak Esmee Brugts (Barcelona), ki tout gen menm valè €175,000.



Evalyasyon sa montre gwo enpak Dumornay kòmanse genyen nan nivo klèb ak nan konpetisyon entènasyonal yo. Li toujou montre yon fòmidab kapasite ak talan ki atire je tout moun sou li. Avèk ogmantasyon rapid pèfòmans li, gen anpil chans pou valè li ap monte pi wo toujou nan ane k ap vini yo.



Nan dènye ane yo, Melchie Dumornay te fè wout li kòm youn nan talan ki pi briyan nan foutbòl fanm lan. Avèk nivo li montre nan Lig dè Chanpyon an, Arkema Première Ligue la ak match entènasyonal yo, Ayiti ka konte sou yon jwez ekstraòdinè k ap kontinye make istwa e menm sou wout pou vini pi gwo atlèt Ayiti janm konnen.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )