• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon premye konvokasyon pou Roseline Éloissaint avèk FC Nantes

sous: GolAyiti/imaj

18 Oktòb 2024   Jacky Chéry   141

Atakan ayisyèn lan ki sot pase yon pakèt tan blese jwenn yon konvokasyon pou premye fwa avèk FC Nantes k ap jwe demen samdi an fas Stade de Reims nan Arkema Première Ligue lan.



Pou senkyèm jounen Arkema Première Ligue lan, Roseline Éloissaint ki te deplase depi fen ane pase kapab genyen posibilite jwe premye match ofisyèl li avèk FC Nantes depi lè li retounen nan klèb lan.



Ansyen jwez RC Strasbourg, atakan ayisyèn 25 lane an jwenn otorizasyon staf medikal FC Nantes lan pou l kapab rekòmanse jwe aprè pratikman yon lane deyò tèren depi lè li te fin blese avèk seleksyon ayisyèn lan nan eliminitwa pou premye edisyon Gold Cup fanm nan.



Demen samdi an, Kanari yo ap jwe an deplasman lakay Stade de Reims nan Auguste Delaune lan. Yon eksperyans inik pou Grenadye an ki kapab jwe pou premye fwa nan premye divizyon foutbòl fransè an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )