• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Celta Vigo gen yon tit Real Madrid pa janm rive pran

sous: GolAyiti/imaj

18 oktòb 2024   Benswilkenson Jean   267

Celta Vigo gen yon tit Real Madrid pa janm rive pran



Nan koze tit kadò madrilèn lan Real Madrid chaje ak sa nan tiwa l. Men sa pa vle di merenge yo pran tout twofe nan istwa yo.



Koze twofe sa devwale yon polemik kèk lè anvan match 10èm jounen espanyòl la kote Real Madrid pral jwe fas Celta Vigo. Célticos yo fawouche klèb madrilèn lan sou yon tit li pa janm e yo p ap janm pran nan istwa yo.



Nan yon videyo yo travay gras ak entelijans atifisyèl, yo montre yon gwo afich yo defile sou fasad Plaza Mayor la (youn nan sit touristik nan vil Madrid) ki make 0 "Madrilèn yo, nou gen yon tit ou p ap janm genyen".



Tit sila fè referans ak twofe Intertoto a. Twofe Intertoto a se yon ansyen rekonpans yo te konn bay aprè yon tounwa yo te konn fè pou klèb ki pa kalifye pou konpetisyon ewopeyèn yo.



Konpetisyon sila te kreye nan lane 1967. Yo ta pral kanpe l nan lane 2008.



Celta Vigo te ranpòte l nan lane 2000. Kanta pou Merenge yo, yo pa t gentan ranpòte twofe sa anvan yo ta pral kanpe konpetisyon sa nan lane 2008 lè SC Braga te fin chanpyon l.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )