• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Medam Real Madrid yo bay gwo sezisman

sous: GolAyiti/imaj

17 oktòb 2024   Benswilkenson Jean   288

Seksyon fanm ekip Real Madrid la se dezyèm peyi nan peyi Lespay ki prezan nan Ligue des Champions medam yo.



Medam merenge yo twouve yo nan gwoup B a, yo genyen kòm advèsè Chelsea, Celtic ak FC Twente.



Aprè yo fin kase dan yo nan premye match yo nan konpetisyon an kont Chelsea (3:2), medam madrilèn yo reveye yo sou ekip Celtic la.



Yo maltrete ekip Celtic la 4-0 gras ak 4 bitè diferan. Entènasyonal ekosèz la Caroline Weir te ouvri eskò a depi nan 7èm minit match la. Aprè l Signe Bruun (dànwaz 26 lane), Caroline Møller (dànwaz 25 lane) ak Linda Caicedo (kolonbyèn 19 lane) ta pral make lòt gòl yo.



Medam Real Madrid yo aprè 2 jounen pran premye 3 pwen yo nan Ligue des Champions medam yo.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )