• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Euro

Euro 2024

Almay sove premye plas gwoup A li an nan dènye lè


23 Jen 2024   Jacky Chéry   1044

Fas Laswis, seleksyon nasyonal Almay la sove yon match nil 1-1 ki pèmèt li fini nan premye plas gwoup A a. Aprè 2 viktwa nan de premye match yo, Mannschaft la te konnen gwo difikilte fas Swis yo.



Gras ak Niclas Füllkrug nan dezyèm minit tan adisyonèl yo, seleksyon Almay la sove premye plas gwoup A Euro 2024 la, devan Laswis ki fini ak 5 pwen.



Julian Nagelsmann ki te kenbe menm onz ki te demare de premye match yo, te bite sou yon ekip Laswis ki te vin batay pou premye plas la. Aprè yon gòl Var te retire pou alman yo nan 18èm minit, Swis yo ta pral jwenn ouvèti eskò an 10 minit aprè avèk Dan Ndoye.



Avèk premye plas sa, Mannschaft la ap kapab jwenn nan uityèmdefinal ekip k ap fini dezyèm nan gwoup C an ki genyen ladan l Angletè, Sèbi, Esloveni ak Dànmak.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )