• Like us
  • Follow us
  • Follow us
AKÈY Nòt enpòtan

Android oubyen iOS? Al telechaje aplikasyon mobil GolAyiti a!


16 janvye 2024   Ekip GolAyiti a  

Tankou jan nou di l nan "misyon nou" an, GolAyiti vle enfòme, fòme, inove epi enspire jèn parèy nou pou ankouraje devlopman nan tout domèn tout pandan y ap itilize lang manman nou ak papa nou ki se Kreyòl la. Nan lide sa, GolAyiti kontan fè w konnen nou gen yon aplikasyon mobil e li disponib pou telechaje gratis sou Apple App Store (iOS) ak Google Play Store (Android) e aplikasyon an nan lang Kreyòl, menmjan ak sit nou an, ak atik nou yo.


Kisa aplikasyon mobil GolAyiti a gen ladan l?

Aplikasyon mobil nou an gen tout fonksyonalite ki sou sit nou an, ou kapab di aplikasyon an pi bèl toujou nan koze estetik. Li fasil pou itilize epi li pa lou ni boule chaj. Li pa itilize anpil done entènèt. Li pa mache nan aryèplan nonplis. Anplis, fonksyonalite sit nou an, sa vle di atik, kòmantè, efemerid... elatriye, aplikasyon nou an gen anpil opsyon ou pa jwenn sou sit la. Men kèk nan yo:


-Jwèt Kesyon/Repons sou foutbòl

Jwèt sa (ki fè w panse ak TriviaCrack) se yon seri kesyon sou foutbòl pou itilizatè a reponn. Ou ap bezwen kreye yon kont pou w ka jwe l.

Gen 2 mòd diferan jan jwèt la. Gen mòd Defi kote jwè a ap reponn kesyon jiskaske l rate bon repons lan. Chak kesyon sa yo gen yon limit tan ki se 12 segonn epi chank bon repons bay jwè a 3 pwen.

Gen mòd Trivia kote jwè a ap reponn 10 kesyon an tou. Chak kesyon sa yo gen yon limit tan ki se 18 segonn epi chank bon repons bay jwè a 2 pwen.

Gen yon klasman jeneral epi gen yon klasman pa sèmèn. Klasman jeneral la konpile tout pwen tout jwè fè depi yo kòmanse jwe. Klasman semèn nan konpile pwen soti lendi pou rive dimanch.

Paj pwofil jwè a montre enfòmasyon sou jwè a tankou kantite pati li jwe, kantite pwen li fè, pati semèn sa ak pwen semèn sa.


-Notifikasyon

Ou ka jwenn notifikasyon sou dènye nouvèl yo, mizajou App la, pou w teste konesans ou nan jwèt la ak kèk lòt bagay ankò.


-Deskripsyon klèb popilè an Ewòp yo

Nou mete enfòmasyon sou klèb ou se fanatik la pou w ka konn istwa klèb sa, estatistik li, eta finansye l ak anpil lòt bagay.


-Videyo

Anndan aplikasyon an, ou kapab gade videyo GolAyiti pwodui yo. Videyo tankou gòl ak bèl aksyon jwè yo fè chak semèn, dokimantè sou ekip lokal kou entènasyonal.


-Refresh

Peze bouton refresh la pou w ka jwenn dènye piblikasyon yo si App la te ouvè pou yon bon ti tan.


-Enfòmasyon sou klèb lokal yo

Malgre sa difisil, nou mete enfòmasyon esansyèl yo sou 18 dènye klèb ki te jwe chanpyona nasyonal premye divizyon an. N ap kontinye mete plis klèb ak plis enfòmasyon detanzantan.


-Enfòmasyon sou lejann foutbòl Ayisyen yo

Nou gen anpil enfòmasyon byen detaye sou jwè Ayisyen ki te jwe mondyal 1974 la, yo menm ki se fyète nou. Al aprann.


-Fè konesans ak ekip GolAyiti a

Nou p ap kache men voye wòch. Ou kapab wè tout ekip GolAyiti a sou aplikasyon an, sa yo fè ak enterè yo. Nou se yon ekip jèn ki gen foug.


-Ba nou sijesyon

Kisa w ta renmen nou fè, swa sou sit la, nan App la oswa an jeneral? Di nou sa nan bwat sijesyon nan App la. Ou ka itilize l pou w felisite ak ankouraje nou tou.


-Pataje Aplikasyon an ak kontak ou

Anndan Aplikasyon an ou ka itilize bouton pataje a pou w pataje lyen pou kontak ou yo telechaje aplikasyon an tou. Pa neglije fè sa.



Mèsi paske w toujou li atik nou yo e suiv nou sou rezo sosyal yo. Nou p ap sispann pote tout nouvèl sou foutbòl yo pou ou nan bon ti mamit, an Kreyòl.


Telechaje aplikasyon an pou Android nan lyen sa


Telechaje aplikasyon an pou iOS(iPhone/iPad) nan lyen sa