ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Liverpool pran yon gwo so nan Premier League la

imaj atik la

22 novanm 2025   Benswilkenson Jean   91

Reds yo konnen yon move moman jodi a nan chanpyona anglè a sou pwòp tèren yo. Liverpool t ap resevwa ekip Nottingham Forest la nan Anfield la. Nottingham Forest mitonnen Arne Slot ak tout akolit li yo 3-0 sou pwòp tèren yo.


Gadyen brezilyen an Alison Becker ki sòti sou yon blese te titilè anba kan Reds yo pou match sa. Liverpool pa rive sove lonè l nan Anfield la malgre yo te tante yon 21 chout men se sèlman 4 chout ki te kadre. Gadyen Nottingham Forest la Matz Sels reyalize 3 arè nan match la, pandan Alison bò kote pa l reyalize 4.

Reds yo ki sou dezyèm defèt yo youn kole ak lòt nan chanpyona a pou yon total 6 match yo pèdi pou kòmansman sezon an nan Premier League la.

Liverpool pou kounya a nan 11èm plas klasman an ak sèlman 18 pwen aprè 12 jounen boul.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou