AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Cavaly A.S soti yon kominike pou salye depa Tibert pou peyi etranje

imaj atik la Kredi Foto: @Cavaly A.S

25 fevriye 2026   Neuvième Junior   386

Nan yon kominike ki pibliye sou paj Facebook Cavaly A.S nan dat 25 fevriye 2026 lan, direksyon klèb Cavaly Association Sportive Leyogàn lan enfòme kominote espotif la, sipòtè ak tout patnè li yo, jwè ki rele Emerson Tibert an, pral kontinye karyè foutbolè Pwofesyonèl li nan peyi etranje.


Nan yon kominike ki pibliye sou paj Facebook Cavaly A.S nan dat 25 fevriye 2026 lan, direksyon klèb Cavaly Association Sportive Leyogàn lan enfòme kominote espotif la, sipòtè ak tout patnè li yo, jwè ki rele Emerson Tibert an, pral kontinye karyè foutbolè Pwofesyonèl li nan peyi etranje.

A travè pòs sa, klèb la fè konnen kòman sa ap make yon bèl etap nan pakou jwè a. Tout sa, se pa rapò ak angajman li toujou bay tèt li, espri ekip ki lakay Tibert, pwofesyonalis li ak gwo pèfomans li konn ap ofri chak fwa okazyon an prezante pou l jwe sou koulè wouj klèb Cavaly an ki pwofite salye reyisit sa.

Direksyon klèb la voye yon enèji pozitif bay jwè a, nan fason yo swete l anpil siksè nan nouvo avanti li nan peyi etranje. E tout manm konsène yo espere li ap toujou genyen klèb site anakawona a nan kè li pandan l ap pote valè Ayiti epi klèb la ak li.

Pou montre fyète yo, cheval wouj yo di yo fyè paske yo kontribiye nan devlope talan espòtif jwè epi fè l konprann lavi kòm moun. Toujou nan kominike sa, yo fè l konnen y ap toujou akonpanye l avèk anpil fyète e solidarite pou nouvo paj sa li pral gen pou ajoute nan liv istwa foutbòl lan.

Aprè Charldo Saint-Fort ki ale nan peyi etranje pou rejwenn fanmi li, Kervenson Louissaint nan lide pou al evolye sou koulè Caledonia AIA peyi Trinidad, Marc Antonio ki tounen nan Tempête. Kounya se kou pa Emerson Tibert ki p ap defann koulè ekip Leyogàn lan ankò akoz li pral kontinye yon rèv nan peyi etranje.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou