Kredi Foto: @Al-Hilal
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Wikenn pase, Al Hilal te jwe yon match tèt chaje fas ansyen klèb atakan fransè a, Karim Benzema. Rankont sa ki te make premye afwontman KB9 fas ansyen koyekipye li yo, te fini sou yon eskò nil (1-1). Lè sa, ansyen madrilèn lan pa t rive pote plis pou nouvo klèb li a. Nil sa te lakoz Al-Hilal pèdi tèt klasman an.

Fwa sa ankò, an absans Karim ki te fòfè pou match sa, Al Hilal tounen fè yon rezilta nil (1-1) fas Al Taawon. Rankont sa yo ki ap jwe pandan semèn lan, se yon fason pou rekipere match dizyèm jounen SPL la ki pa t jwe lè sa te planifye an. Dirijan yo te di soti yon nòt pou di, si seleksyon Arabi Sawoudit la kalifye pou demifinal Koup Arab dè nasyon an match yo ap ranpòte pou semèn 22 e 25 fevriye.
Avèk absans nouvo atakan ekip la, Simone Inzaghi te konte sou ekip li te konn abitye mete anvan Karim te vini an. Fas Al Taawon, Al Hilal ki abitye domine te mal pou enpoze yo. Malgre difikilte yo te rankontre, klèb la te jwenn yon penalite ki fini kous li nan filè a gras ak Ruben Neves pou ouvèti eskò a nan 42èm minit. San premye peryòd la pa t menm ko fini, Roger Martinez make an favè Al Taawon nan tan adisyonèl 45+4èm (1-1) aprè l fin bati Yassine Bounou.
Swit ak rezilta negatif sa, Al-Hilal plonje nan 3èm plas Saudi Pro League la ak 55 pwen. Konsa, ble yo konte menm kantite pwen ak Al Nassr ki ap gen pou jwe kont Al-Najma jodi mèkredi a. Pou moman an, Al-Ahli lidè SPL lan ak 56 pwen aprè siksè li te konnen sou tèren klèb Damac la (1-0).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou