Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
DC United siyen jèn gadyen ayisyen an, Grant Léveillé, ak premye kontra pwofesyonèl li kòm jwè ki fòme nan klèb la. Jèn Grenadye an ki gen 17 lane, siyen yon kontra pou jiska 2029, avèk opsyon pou de lòt sezon anplis.
Nan yon kominike ki pibliye sou sit entènèt klèb lan, DC United presize Léveillé vini 23èm jwè ki sòti nan akademi an pou rive nan gwo ekip lan. Li se egalman dezyèm gadyen ki fòme nan klèb la epi ki siyen yon kontra pwofesyonèl, aprè Bill Hamid, ki te sòti nan akademi epi siyen an 2009.
Grant Léveillé fèt Bwouklin, nan Nouyòk, men gen paran li Ayisyen. Jèn Grenadye an te rantre nan akademi DC United lan nan mwa dawout 2025, aprè li te pase 2 lane nan sant fòmasyon New-York Red Bulls lan ant 2022 ak 2024. Li te patisipe tou nan kan preparasyon avan sezon 2026 la avèk gwo ekip lan, pandan yon estaj nan Los Angeles ak Palm Springs, Kalifòni.
N ap raple, Grant Léveillé te reprezante Ayiti nan mondyal U-17 2025 lan nan peyi Kata, malgre li pa t jwe. Avan sa li te patisipe nan yon tounwa jèn avèk Ayiti nan pwovens fransè Gwadloup pandan menm lane 2025 lan. Li te egalman jwenn yon konvokasyon nan ekip senyò an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou