Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè pil pale ki te genyen nan match ale baraj Ligue Des Champions ant Real Madrid ak Benfica semèn pase an, pi gwo enstans foutbòl ewopeyen an deside sanksyone Gianluca Prestianni ki p ap ka jwe match retou an.
Malgre atakan ajanten an te defann tèt li pou fè kwè li pa t janm di pawòl rasis kont Vinicius Jr, UEFA sanksyone Prestianni pou yon ti bout tan aprè rezilta ankèt komisyon disiplin ak etik li an. Daprè Vinicius Jr, nan match fas Benfica a, li te viktim pawòl rasis nan bouch Prestianni.
Nan kominike ofisyèl ki sòti jodi lendi an, UEFA fè konnen desizyon sa pran sou baz atik 14 règleman disiplinè UEFA a, ki pini tout konpòtman diskriminatwa. Match ant Real Madrid ak Benfica semèn pase an te menm rive kanpe pandan yon moman.
N ap note, nan match ale an, Real Madrid te genyen Benfica Lisbonne (1-0) gras ak Vinicius Jr ki te enskri sèl grenn gòl rankont lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou