Kredi Foto: @FHF
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Antrenè kiben Raul Gonzalez Triana kòmanse an mòd dragon ak seleksyon nasyonal U20 an. Jèn grenadye yo jwe premye match yo nan kalifikasyon Mondyal U20 an kont peyi Angiya. Yo kraze peyi Angiya 7-0 nan Championship CONCACAF la.
Match sila a fini sou yon gwo eskò pou Grenadye yo ki maspinen peyi Angiya 7-0. Jèn atakan Ayisyen an Franco Celestin ak Nikolai Pierre make yo chak 2 gòl epi Amstrong Leconte, Kervens Romulus ak Clavens Exantus te tranble filè pou jèn grenadye yo tou.
Match sila a te jwe nan Stadion Rignaal Jean Francisca nan peyi Angiya. Grenadye yo plen panyen ekip Angiya a ak gòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou