Kredi Foto: @Tempête FC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Samdi 28 fevriye 2026, Tempête FC ki gen nan tèt li Charles Herold Junior kòm antrenè, gen randevou fas FICA pou premye jounen chanpyona nasyonal Paryaj Lakay la nan Parc Levelt nan lakou Senmak. Avèk yon nouvo antrenè, yon moun ki fè anpil bagay kòm jwè nan kesyon foutbòl, Tempête FC deside leve kanpe aprè tout move rezilta yo te fè nan premye tou a.
Samdi 28 fevriye 2026, Tempête FC ki gen nan tèt li Charles Herold Junior kòm antrenè, gen randevou fas FICA pou premye jounen chanpyona nasyonal Paryaj Lakay la nan Parc Levelt nan lakou Senmak.
Avèk yon nouvo antrenè, yon moun ki fè anpil bagay kòm jwè nan kesyon foutbòl, Tempête FC deside leve kanpe aprè tout move rezilta yo te fè nan premye tou a.
Aprè Charles Herold te fin fè valè ekip lan lè l t ap jwe sou koulè l, ansyen jwè Cibao a tounen vin sipòte klèb lakay li yon lòt fason. Apèn lisansye, ansyen jwè seleksyon nasyonal la ap gen pou fè premye eksperyans li kòm antrenè sou ban ekip 5 fwa chanpyon nasyonal lan.
Pou jwenn sipò tout moun nan seri kloti a, responsab yo lanse yon apèl ak tout konsène yo e ak tout fanatik yo pou mete men nan pat la fason yo kapab.
Nan apèl sa, yo di ; "fanatik ble ak blan yo, nou konnen fòs ekip la se nou menm! Fòk nou vini pran plas nou nan pak la pou pouse ekip la, fè bri, mete presyon, epi montre tout moun kiyès ki mèt teren an"!
Èske ansyen jwè ekip Tempête FC a pral ede ekip la pran twofe chanpyon an depi nan premye eksperyans li kòm antrenè? N ap tann rankont yo pou nou kapab gen plis ide sou sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou