Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan jounal L’Équipe ap miltipliye sondaj sou atakan ki ka ale ak Lafrans nan Mondyal 2026 la, de (2) non kontinye rete nan fènwa : Wilson Isidor ak Odsonne Édouard. De jwè ki gen orijin ayisyèn, ki pa nan premye plan seleksyonè a, men ki kapab tounen yon opòtinite estratejik pou Ayiti nan yon Mondyal kote seleksyon an ap chèche frape fò.
Nan yon dènye sondaj L’Équipe fè sou atakan ki ta ka jwenn apèl pou Mondyal 2026 la, lis la sanble deja byen trase. Nan tèt la, nou jwenn Kylian Mbappé, ansanm ak Ousmane Dembélé, Bradley Barcola, Rayan Cherki, Désiré Doué ak Michael Olise. Dèyè yo, de lòt atakan sanble pran yon ti avans sou konkiran yo : Marcus Thuram ak Hugo Ekitike.
Men si seleksyonè a, Didier Deschamps, ta deside elaji lis la pou rive sou nèf (9) atakan, kesyon an rete ouvè sou dènye plas la. Plizyè non ap sikile nan deba yo : Kingsley Coman, Randal Kolo Muani, Christopher Nkunku, Jean-Philippe Mateta, Maghnes Akliouche, Florian Thauvin, oswa lòt jèn talan ankò.
Nan tout diskisyon sa yo, de non prèske pa janm parèt : Wilson Isidor ak Odsonne Édouard. Atakan k ap evolye ak Sunderland la pa jwenn chimen gòl depi 25 oktòb 2025, men pwofil li rete enteresan: vitès, apèl nan pwofondè, ak kapasite pou l mete defans anba presyon. Sou yon lòt bò, Odsonne Édouard ap fè yon sezon solid ak RC Lens : 9 gòl ak 3 pas gòl nan Ligue 1 an.
De jwè sa yo gen rasin ayisyèn. E lè nou konnen Ayiti deja kalifye pou Mondyal 2026 la epi li ap chèche ranfòse sektè ofansif li, sitiyasyon sa a pran tout sans li. Kòm Isidor ak Édouard pa sou premye plan Deschamps la, yon antrenè yo konnen kòm konsèvatè, ki pa souvan chanje nwayo ekip li, kapab tounen yon opòtinite istorik pou foutbòl ayisyen an.
Reyalite a senp : si pòt Lafrans lan rete fèmen pou yo, pa gen okenn eskiz pou Wilson Isidor ak Odsonne Édouard pa vire je yo sou Ayiti. Avèk eksperyans yo nan chanpyona Ewopeyen yo, pwofil yo, ak kapasite yo pou jwe nan wo nivo, de atakan sa yo ta ka pote yon gwo plis nan atak ayisyen an.
Koup Dimond 2026 la se pa sèlman yon evènman mondyal, se tou yon moman desizif pou Ayiti. Si seleksyon an rive atire de talan sa yo, sa pa t ap yon “plan B”, men yon chwa estratejik ki kapab chanje dimansyon ekip la. Paske, nan foutbòl tankou nan lavi, se souvan sa lòt yo neglije ki vin pi gwo fòs ou.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou