AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay : yon bouwo pou klèb anglè yo

imaj atik la

13 desanm 2025   Steve Pierre   609

Nan Ligue Des Champions bò kote medam yo an Ewòp, gen ekip ki sanble vin tounen ti manje fasil Melchie Dumornay. Pami yo, klèb anglè yo okipe yon plas espesyal. Pou kat (4) match kont ekip ki soti Angletè, entènasyonal ayisyèn nan deja make sis (6) gòl, yon estatistik ki mete an limyè dominasyon li nan gwo randevou yo.


Depi premye konfwontasyon li kont klèb anglè yo, Melchie Dumornay toujou reponn prezan. Li jwe 4 match Ligue Des Champions kont ekip Angletè yo, kote li make 6 gòl, yon mwayèn ki pale poukont li.

Pifò gòl sa yo vini kont Arsenal, yon ekip li deja kwaze twa (3) fwa nan konpetisyon an. Premye seri rankont sa yo te fèt 19 ak 27 avril 2025, nan demifinal sezon 2024-2025 lan. Nan de (2) match sa yo, Melchie Dumornay make yon gòl nan chak rankont yo.

Pi ta, nan faz de poul sezon 2025-2026 lan, Corventina jwenn Arsenal ankò. Jou ki te 7 oktòb 2025 lan, li frape fò. Mitan teren OL Lyonnes lan make de (2) gòl nan menm match la, li te jwe yon wòl kle nan viktwa ekip li a (2-1). Yon pèfòmans ki konfime kapasite li pou briye kont gwo ekip yo, menm lè yo konnen danje li reprezante deja.

Anplis Arsenal, Melchie Dumornay kontinye fè listwa li kont Manchester United. Nan faz de poul menm sezon 2025-2026 la, OL Lyonnes fè yon viktwa klè (3-0) kont klèb anglè a, 10 desanm 2025 pase a. Jou sa a, Dumornay frape ak de (2) gòl ki te mete fen nan tout espwa Red Devils yo.

Avèk 6 gòl nan 4 match kont klèb anglè yo, ayisyèn nan konfime dominasyon li sou chanpyona anglè a san l poko jwe ladann. Arsenal ak Manchester United deja peye pri efikasite li. Pandan LDC an ap kontinye, yon sèl kesyon rete poze : ki pwochen ekip anglè ki pral sibi lalwa Corventina sou sèn ewopeyen an?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou