FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Èske w te konnen yon Vinicius fè gòl kont Ayiti deja?

imaj atik la

08 desanm 2025   Benswilkenson Jean   685

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap gen pou kwaze ak Brezil nan Mondyal 2026 la ki ap dezyèm match ofisyèl 2 ekip yo. Nan okazyon an li posib pou yon Vinicius jwe kont Ayiti ankò


Nan mwa oktòb 2015, gran seleksyon ayisyèn lan te jwe yon match amikal kont seleksyon mwens 23 lane peyi Brezil la nan epòk sa ki te gen Maicon, Gabriel Jesus ak yon lòt jwè ki te gen prèske menm non ak atakan Real Madrid la Vinicius. Men non pa jwè a se te Vinicius Araujo.

Bon non Vinicius Araujo se Vinicius Vasconcelos Araújo, nan epòk la li t ap jwe nan Standard de Liège nan peyi Bèljik. Vinicius Araujo pa reyisi fè yon gran karyè foutbòl. Majorite kote l jwe se nan peyi Japon. Men sou kontinan ewòp la li te pase nan Valence nan peyi Lespay, Real Saragosse ak Huesca. Li se ansyen jwè seleksyon brezil Olenpik 2014 la.

Vinicius te make gòl kont Ayiti nan match amikal ki te fèt nan mwa oktòb 2015 lan. Match amikal sa se te yon imilyason pou Ayiti ki te pran yon kalòt marasa 5-1. Gòl brezil yo se Maicon, Gabriel Jesus, Vinicius Araùjo ak Gabriel Barbosa ki te make 2 gòl. Grenn gòl pa Ayiti a se Belfort Kervens Fils ki te sòti sou ban an pou sove lonè nou.

Nan Mondyal 2026 la, Ayiti kapab kontre ak yon lòt Vinicius ankò fwa sa ki se yon jwè k ap jwe nan pi wo nivo toujou pase Vinicius nou te kontre nan lane 2015 lan. Si tout fwa Carlo Ancelotti konvoke Vinicius Jr se pral dezyèm jwè ki pot non Vinicius Ayiti pral kontre.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )