Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Gunners Lonn yo, Arsenal, tonbe jodi samdi an 2-1 sou tèren Aston Villa nan kad 15èm jounen Premier League la. Defèt sila anrejistre kòm dezyèm defèt Arteta nan chanpyona anglè an sezon sa
Arsenal te an deplasman jodi samdi 06 desanm lan sou tèren Villa Park la, ki se lakay Aston Villa. Peter Banks, entènasyonal anglè, se te abit ki t ap dirije match sa a ki te konte pou 15èm jounen chanpyona anglè a nan sezon 2025-2026 la.
Gunners yo, k ap konnen yon bèl seri ni nan chanpyona lakay yo ni nan Champions League la, pran dezyèm so yo pou sezon sa nan Premier League la 2-1 devan Aston Villa. Ekip Arsenal la te nan bon difikilte nan match sa depi lè Matty Cash te ouvri eskò a nan 36èm minit pou ekip lokal la.
Gunners yo te oblije tann jis nan 52èm minit nan dezyèm mitan match la pou te jwenn gòl egalizasyon an sou pye Trossard. Match la te kontinye sou bèl lanse kote de ekip yo te nan obligasyon swa yo konsève eskò a oubyen chache yon gòl viktwa. Sa ekip Aston Villa a ta pral jwenn nan dènye minit tan adisyonèl yo (90+5) gras ak Buendia.
Nan match sa, gadyen ajanten an, Emilliano Martinez, te fè 7 arè sou 15 chout ekip Arsenal la te jwenn nan match la. Defèt sila se dezyèm defèt Gunners yo apre yo te pèdi 1-0 kont ekip Liverpool la nan 3èm jounen an.
Malgre defèt sa a, Arsenal toujou okipe premye plas la ak 33 pwen, pandan Aston Villa li menm grenpe nan dezyèm plas la annatandan rezilta Manchester City a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou