Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Mitan tèren ayisyen an Jean Ricner Bellegarde make premye gòl li pou sezon an nan Premier League la. Grenn gòl sila sove lonè Wolves yo fas Manchester United ki bat yo 1-4.
Entènasyonal ayisyen 27 lane an te titilè pou ekip Wolverhampton lan nan kad 15èm jounen Premier League la kont ekip Manchester United la. Match sila a fini ak yon desepsyon sou pwòp tèren Wolves yo ki poko janm ka konnen gou viktwa aprè 15 match nan chanpyona anglè a sezon sa.
Nan mitan tranbleman Reds Devils yo t ap pase sou ekip Wolverhampton lan, Grenadye a te leve lonè klèb la ak yon gòl nan fen premye mitan an. Match la fini 1-4 nan avantaj ekip Manchester United la.
Gòl sila se premye gòl ayisyen an pou sezon sa nan Premier League la. Sofa Score ba li yon nòt 8.0.
N ap raple Grenadye a te kite tèren an aprè 53 minit akoz yon blesi.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou