Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè yon lòt move rezilta nan Pak Levelt fas ak ekip Cosmopolites SC a, antrenè prensipal la, Jackson Jean, anonse demisyon nan yon lèt ki piblik sou Facebook.
Depi lansman nouvo sezon Lig Ayisyen Foutbòl (LHF) la, Tempête FC poko fè menm yon sèl viktwa nan gwoup nò a. Se sèl ekip nan gwoup sa tou ki poko konn gou laviktwa pou sezon an . Nan twa match yo jwe, ekip la anrejistre : yon nil fas FICA, yon lòt nil fas Racing des Gonaïves. Epi yon defèt (1-2) fas Cosmopolites SC ayè dimanch 7 desanm 2025 lan. Seri rezilta sa yo mete “Bel Kolonn” yo nan dènye pozisyon nan klasman an.
Jackson Jean te pran tèt ekip la premye oktòb pase a ak anpil espwa, kòm yon ansyen jwè ekip la, li te gen misyon pou remete ekip la sou ray siksè. Men, de (2) mwa aprè, presyon an ak difikilte yo fè eksperyans li a pa dire.
Nan lèt demisyon li a, antrenè 39 lane a esplike desizyon li an ak anpil pridans, san antre nan detay ki ta ka fè klèb la mal.
Men sa l te di : "Aprè twa jounen jwèt nan kad Lig Ayisyen Foutbòl la (LHF), mwen konstate klèman egzistans kèk difikilte anndan klèb la, mwen pa ta renmen bay detay sou yo, pa respè pou klèb la. Difikilte sa yo pa pèmèt mwen kontinye fè travay mwen nan bon kondisyon nesesè pou m atenn objektif yo fikse yo."
Li fè konnen tou li gen pou pwoteje karyè li kòm yon jèn antrenè ki ta dwe travay nan bon kondisyon pou pwodui rezilta.
Depa Jackson Jean an kreye yon vid enpòtan nan Tempête FC, yon ekip ki bezwen reyaksyon rapid. Dirijan yo pral oblije chèche yon nouvo antrenè san pèdi tan, sitou nan moman ekip la bezwen estabilite ak yon vizyon klè pou evite kriz la agrave.
Nan mesaj finisman li, Jackson Jean remèsye jwè yo, estaf la ak responsab yo pou konfyans yo te mete nan li, pandan l renouvle respè li pou enstitisyon sa ki se Tempête.
Men, kesyon ki rete pandye se : Kiyès ki pral mennen Tempête FC sòti nan move fòm sa a? Epi èske klèb la gen mwayen pou redrese sezon an anvan li twò ta?
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou