Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
FC Bel Efò kase seri move rezilta li yo nan Lig Pòtoprens nan koze Futsal la. Aprè de (2) defèt ak yon match nil depi kòmansman sezon 2025-2026 la, ekip la ranpòte yon viktwa enpòtan (5-4) kont Shelcy FC, nan kad katriyèm jounen konpetisyon an.
Ayè 12 desanm nan, nan Gymnasium Ayiti Cheri a, nan yon match ki te chaje ak tansyon, entansite epi ki te gen anpil gòl, FC Bel Efò te montre plis detèminasyon, sitou nan moman kle yo. Guillaume Wood P. te louvri eskò a byen bonè nan 8èm minit, anvan Gedéon Stephayder B. pran kontwòl match la ak yon triple (14’, 22’, 33’), ki mete l kòm gwo atizan siksè ekip li a. Jean Louis Schneider te konplete nòt la ak yon gòl nan 38èm minit.
Anfas la, Shelcy FC pa t lage jwèt la. Dezile Emmanuel (18’), Felix Steve John (25’), Dumijour Adams K.W. (31’) ak Mercier Josue (32’) te pèmèt ekip la rete vivan nan match la jiska dènye segonn yo. Malgre reyaksyon sa, Shelcy FC pa t rive evite defèt la.
Ak yon pèfòmans remakab, Gedéon Stephayder B. te lojikman fini pi bon jwè match la, gras ak efikasite li devan gòl la ak enpak li sou jwèt la tou.
Viktwa sa bay FC Bel Efò yon nouvo souf nan chanpyona a, pandan Shelcy FC ap oblije fè ajisteman pou pi byen rebondi nan pwochen jounen yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou