Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pou chanpyona nasyonal premye divizyon an, Ligue Haïtienne Football te chwazi repati kalandriye a an 2 gwoup (Nò ak Sid) akoz pwoblèm ensekirite a ki kontinye fè ravaj. Nan gwoup yo, nap gade pati B a regwoupe 3 klèb nan kapital la, 2 klèb nan Sid ak yon klèb Leyogàn ki reponn prezan pou jwe chanpyona a. E pou montre satisfaksyon ki genyen pou kalifikasyon an, gwo bra dèyè cheval wouj yo sòti yon nòt remèsiman.

Apre 5 jounen boul, dirijan klèb site anakawona fè yon piblikasyon pou remèsye tout moun ki te sipòte ekip la e pèmèt li rive kalifye pou play-offs. Nan nòt sa, dirijan Cavaly yo avanse pou remèsye espesyalman antrenè a ki se David Clenord, estaf la, jwè yo e fanatik yo pou kontribisyon yo ak bèl travay sa yo rive fè ak pèmèt ekip la fè reyalizasyon sa.
Nòt sa ki wè jou sou paj Facebook ekip la, montre kòman tout moun satisfè pou kalifikasyon klèb la pou play-offs yo. E lè nou analize cheval wouj yo pou sezon an, nou wè kalite foutbòl ekip la pwodwi pou bay pwoblèm ak tout advèsè li te gen chans afwonte nan faz match ouvèti D1 an. Fason jwè yo te depoze pye sou balon an pou rive konstwi jwèt la, plasman jwè yo ak vizyon yo, montre devouman ak anbisyon ki genyen lakay tout ekip la.
Nan pakou Cavaly an, yo fini faz gwoup la nan dezyèm pozisyon ak 8 pwen. Yo fè 2 viktwa, 2 nil ak yon defèt pou rive franchi etap sila.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou