Jou ap pase, lane ap pase laj ap monte. 23 mas 1923, nan kapital peyi Ayiti youn nan pi gwo klèb sou teritwa ayisyen an te fè aparisyon li nan D1 Ayiti a. Depi aprè kreyasyon klèb la, sansasyon te kòmanse fè ravaj lakay anpil tizè. Ekip foutbòl sa ki te genyen anpil gran non pase ladann sot fete 102 lane sou sòl sa.
Jou ap pase, lane ap pase laj ap monte. 23 mas 1923, nan kapital peyi Ayiti youn nan pi gwo klèb sou teritwa ayisyen an te fè aparisyon li nan D1 Ayiti a. Depi aprè kreyasyon klèb la, sansasyon te kòmanse fè ravaj lakay anpil tizè. Ekip foutbòl sa ki te genyen anpil gran non pase ladann sot fete 102 lane sou sòl sa.
Raicing club Haïtien ki se klèb ki genyen plis tit nan listwa foutbòl ayisyen an 11, twouve li nan yon moman ki pa fin ok pou li. Tout sa, se akoz fason ekip la vin manke posiblite pou rive fè eksplwa li te konn fè anvan yo. Konsa tou, nou kapab di youn nan rezon ki ka petèt fè tout sa, se akoz pwoblèm ki genyen nan peyi a jounen jodi a sa ki fè anpil moun pè envesti tankou jan sa te ye anvan.
Malgre eprèv sa yo, ansyen klèb gran lejandè a Sylvio Cator, pa dekouraje e kontinye lite pou rete vivan. Pou pwouve sa, ekip 11 twofe a pran desizyon pou yon dezyèm fwa pou reponn prezan nan chanpyona espesyal ayisyen sezon 2025 lan. Avèk tristès sa ki pako efase nan kan ekip la kote ansyen jwè sa Joinvilma Marcel di (Ismael) ki te vin antrenè adjwen ekip la te tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa nan Pòtoprens. Malgre move moman sa a jwè yo pa bliye e ki afekte yo toujou, jòn e ble yo deside leve tèt yo pou kanpe goumen pou tounen ak tit #1 yo te genyen nan foutbòl ayisyen an.
Nan pasaj Ismael kòm jwè, li te rive enfliyanse nan yon fason pozitif anpil jèn ki t ap jwe foutbòl sou tèren Dadadou nan delma 3. Si mwen fye m ak temwanyaj kèk nan ansyen jwè UNASMOH ki te genyen chans jwe kont li nan match zanmitay ak Thony Borgella ki te pran l kòm youn nan modèl li yo, te toujou ap pale de milye tèren an, san nou pa bliye chans anpil nan nou te genyen pou gade l k ap woule balon ak pye goch li a anndan tèren ekip li, vye Lyon yo pèdi youn nan meyè eleman ki te nan mitan yo.
Pou sa ki wè ak Racing Club Haïtien, lane 2007 yo te desann nan dezyèm divizyon pou premye fwa depi lè ekip la te kreye. An 2008, Vye Lyon yo te chanpyon D2 a pou tounen pami elit yo nan lane 2009 e yo te ranpòte D1 an sou menm lanse a an 2009-2010.
Aprè eksplwa sa, 2011 Racing tounen tonbe nan D2 ayisyen pou yon dezyèm fwa. Nan lite pou kenbe, 2013 lyon yo te reprann plas yo nan D1 nasyonal la jis yo pa janm kite li ankò.
Youn nan lane ki te parèt pi difisil pou Racing Club Haïtien, se te 2019 kote te genyen yon kriz finansye ak enstitisyonèl ki te tonbe sou jòn e ble yo. Malerezman pou yo, nan mwa mas 2019 sa, majorite manm nan komite a te demisyone jis yo te vin rete ak 2 moun sèlman ki se prezidan Emmanuel Menard ak vis prezidan Julio Cadet.
Toujou konsènan Racing CH, yo se sèl klèb ki ranpòte Koup dè klèb chanpyon CONCACAF la nan lane 1963. Jodi a vye Lyon yo genyen randevou fas Don Bosco nan kad match chanpyona espesyal ayisyen 2025 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou