Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon nasyonal ayisyèn fanm lan ap gen pou jwe 3 mas k ap vini la fas Sirinam nan kad eliminatwa CONCACAF pou Mondyal fanm 2027 lan. Pou rasanbleman sa, Pia Sundhage konvoke 22 jwez, san prezans Jasmine Vilgrain.
Defansè Stade de Reims lan k ap jwe byen depi kòmansman sezon an, pa resevwa konvokasyon nouvo seleksyonè nasyonal lan ki malgre sa baze sou jwez ki abitye jwe nan ekip nasyonal lan. Chwa sa siprann anpil obsèvatè k ap swiv medam ayisyèn yo depi kòmansman sezon an.
Nan lis Pia Sundhage an genyen kòm defansè Claire Constant, Jennifer Limage, Tabita Joseph, Betina Petit-Frère ak Chloé Amélie Joseph epi Amandine Pierre-Louis. Si n gade pèfòmans jwez sa yo ki konvoke an, Jasmine Vilgrain pami jwez ayisyèn ki jwe plis depi kòmansman sezon an.
Nan Seconde Ligue lan, jwez 23 lane an patisipe nan tout match yo avèk Stade de Reims sezon sa. Jasmine Vilgrain se egalman yon titilè san diskisyon nan ban defans remwaz lan ki reyisi reprann li pou sòti nan zòn relegasyon an.
Annatandan pwochen rasanbleman seleksyon nasyonal lan, defansè Stade de Reims lan pral gen pou kontinye konsantre l sou chanpyona dezyèm divizyon Lafrans lan avèk klèb li an k ap goumen pou rete nan Seconde Ligue lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou