FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Leo Messi make yon lòt pa nan listwa: 39èm seleksyon li make kont li

imaj atik la

17 novanm 2025   Steve Pierre   596

Aprè viktwa (2-0) Ajantin te fè kont Angola, 14 novanm 2025 pase a, Lionel Messi montre ankò poukisa yo konsidere l kòm youn nan pi gwo foutbolè nan tout listwa jwèt sa. Nan match zanmitay la, li make dezyèm gòl la epi li bay yon pas gòl pou Lautaro Martínez te louvri eskò an. Men gwo pwen an : match sa fè Messi rive make kont 39 seleksyon diferan.


Angola vini dènye ekip ki adisyonne sou long lis sa a, yon lis ki travèse tout kontinan yo ki montre kijan Messi toujou konn enpoze talan li nenpòt kote li jwe.

Lis 39 seleksyon Messi make kont yo :

Albani

Aljeri

Angola

Ostrali

Bolivi

Bosni

Brezil

Kanada

Chili

Kolonbi

Kowasi

Kiraso

Ekwatè

Estoni

Lafrans

Almay

Gwatemala

Ayiti

Onndiras

Honnkong

Iran

Jamayik

Meksik

Lawoland

Nikaragwa

Nijerya

Panama

Paragwe

Pewoi

Pòtigal

Arabi Sawoudit

Sèbi ak Montenegwo

Sloveni

Lespay

Swis

Emira Arab Ini

Etazini

Irigwe

Venezyela

Chak seleksyon sou lis sa a se yon tras Messi kite nan foutbòl entènasyonal la. Avèk 39 peyi ki deja sibi pinisyon l, kesyon ki leve se : kiyès k ap vin 40èm viktim Lionel Messi?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou