Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Onndiras ap prepare batay li fas Grenadye yo nan kad match retou dènye faz eliminatwa Mondyal 2026 la. Antrenè Onndiras la fè 3 chanjman nan 11 ki te demare match yo te jwe fas Kostarika a.
Reinaldo Ruenda ki se antrenè seleksyon Ondiras la lage lis 11 jwè ki pral mennen gwo batay kont seleksyon ayisyèn lan. Pou gwo batay sa a kote tou 2 ekip yo bezwen 3 pwen an, Reinaldo Ruenda chanje 3 jwè.
Antrenè a fè 3 chanjman nan 11 ki te demare fas Kostarika a.
-Jorge Alvarez (#23) ki te titilè nan match Kostarika a sou ban fas Ayiti. Rigorberto Rivas ki pa t nan lis jwè ki te deplase fas Kostarika a, titilè fas Ayiti nan plas Jorge Benguché. Antony Lozano ki te sou ban fas Kostarika titilè fas Ayiti.
Randevou 8è 00 PM.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou