FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA pa deside pran sanksyon kont Izrayèl menm jan yo fè l pou Larisi an

imaj atik la

4 Oktòb 2025   Jacky Chéry   733

Nan yon moman kote plizyè òganizasyon dwa moun ak yon seri pèsonalite pa sispann mande retire Izrayèl nan tout konpetisyon entènasyonal yo pou aksyon l ap mennen Gaza yo, FIFA pran pozisyon pou pa reponn ak demand sa yo k ap miltipliye chak jou pi plis.


Prezidan Federasyon entènasyonal foutbòl asosiyasyon an (FIFA), Gianni Infantino, fè konnen jedi pase an, nan kad yon reyinyon konsèy FIFA, nan Zirik, òganizasyon an pa ka rezoud konfli yo. Daprè Infantino, FIFA pa gen pou rantre nan koze ki gen pou wè ak jewopolitik.

« Nan FIFA, nou angaje n pou n itilize pouvwa foutbòl la pou n ini pèp yo nan yon mond ki divize », deklarasyon prezidan FIFA sou kesyon aksyon òganizasyon an ta dwe pran pou mete Izrayèl deyò nan tout konpetisyon entènasyonal yo.

« Nou konsyan de moun k ap soufri yo akoz yon seri konfli ki genyen nan mond lan jodi a, e mesaj ki pi enpòtan foutbòl la kapab pote se lapè ak inite », sa Infantino rapouswiv pou di.

Sou menm kesyon sa, prezidan FIFA te deja repete pandan plizyè fwa yon aksyon konsa ta dwe fèt nan kad yon konsansis ant manm yo. Victor Montagliani ki se vis prezidan òganizasyon an te ale pi lwen pou fè konnen tout desizyon konsènan patisipasyon Izrayèl nan konpetisyon ewopeyèn yo ak kalifikasyon pou mondyal la depann de UEFA, yon fason pou pataje responsablite ak enstans ki ap dirije foutbòl ewopeyen an.

Pandan semèn ki sot pase an, Amnesty international te ekri FIFA ak UEFA pou mande retire Izrayèl nan tout konpetisyon entènasyonal yo menm jan sa te fèt 4 jou sèlman aprè Larisi te anvayi Ikrèn nan lane 2022.

Depi 8 oktòb 2023, Izrayèl tanmen yon gwo mouvman militè sou Gaza kote y ap bonbabe anklav palestinyen an prèske chak jou jis yo rann li inabitab jounen jodi a. Daprè responsab sante yo nan Gaza, aksyon Izrayèl yo lakoz plizyè dizèn milye moun pèdi lavi yo ak yon gwo kantite blese, ladan yo anpil fanm ak timoun.

Pou anpil obsèvatè, aksyon Izrayèl yo ap mennen yo rantre nan kad yon politik pou netwaye Gaza epi ranplase popilasyon Gazawi an, swa nan elimine yo fizikman oubyen fòse yo kite vil la. Malgre tantativ k ap fèt bò kote yon pati nan kominote entènasyonal la pou jwenn yon solisyon ak konfli sa ki egziste depi 1948, Gaza kontinye ap redwi an sann ak pousyè anba bonm.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )