FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA sanksyone 7 jwè ki bay fo enfòmasyon pou kapab jwe pou yon peyi

imaj atik la

08 oktòb 2025   Benswilkenson Jean   833

Federasyon entènasyonal foutbòl amatè a sanksyone 7 jwè ki bay fo enfòmasyon ki montre yo fèt nan peyi Malezi pou kapab jwe pou seleksyon malezyèn lan.


Yon ankèt FIFA mennen sou 7 jwè malezyen revele jwè yo te bay fo enfòmasyon ki pou ta fè kwè yo gen gran paran yo ki te malezyen yon fason pou yo te ka jwenn aksè jwe pou seleksyon an. Non jwè sa yo se Gabriel Arocha ak Jon Irazabal (vrè nasyonalite yo se Espanyòl), Facundo Garcés, Rodrigo Holgado ak Imanol Machuca ( vrè nasyonalite yo se ajanten), Joâo Figueirado (vrè nasyonalite l se brezilyen) ak Hector Hevel (vrè nasyonalite l se olandè).

Tout jwè sa yo te bay fo papye pou pwouve youn nan gran paran yo te fèt nan peyi Malezi. Aprè yon ankèt FIFA mennen li jwenn gwo deblozay sa jwè yo fè a epi deside sanksyone ni jwè ni federasyon malezyèn lan pou yon lane nan tout aktivite ki gen pou wè ak foutbòl. Chak jwè yo ap gen pou peye yon kantite 2 150 ewo amann.


Kanta pou federasyon malezyèn lan, li ap gen pou peye 376 mil ewo kòm amann epi pèdi match twazyèm tou kalifikasyon mondyal la 3-0 li te jwe kont Vyetnam lan.

Nan jwè sa yo genyen defansè Alaves la, Facundo Garcés ki apèn rive nan klèb la nan mwa janvye a, li te deja jwe 6 premye match Liga espanyòl la. Jwè a p ap ka jwe pou ekip la pandan yon lane ankò.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )