FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Otto Addo "Kounya Gana kalifye pou Mondyal, yo bezwen vinn jwe, bagay yo pa fonksyone konsa"

imaj atik la

18 oktòb 2025   Steve Pierre   729

Seleksyon ganeyen an pa fèt sèlman ak non, men ak kè, respè epi angajman. Se mesaj klè Otto Addo, seleksyonè ekip nasyonal Gana a, voye aprè li fin mennen Black Stars yo nan Dezyèm Mondyal FIFA youn dèyè lòt, 2022 ak 2026.


Pou teknisyen an, genyen pa depann sèlman de kalite teknik yon jwè, men sitou de inite gwoup la ak fyète pou defann drapo a.

Nan yon entèvyou li bay ak medya 3SportsGhana, Otto Addo pa t kache pawòl li : “Depi 2021, lè m te pran seleksyon an, nou te kontakte kèk jwè. Yo te refize vini. Kounya nou kalifye pou Mondyal, yo vle vini. Sa pa mache konsa.”

Pou li, si yon jwè pa t vle ede ekip la nan move moman yo, li p ap ka la, lè ekip la rive sou sèn Mondyal la.

Addo kontinye pou l di: “Gana dwe kenbe fyète li. Nou gen yon gwoup ki ini, epi mwen pa vle kraze li ak jwè ki pa angaje.” Sa vle di, espri kole zepòl, disiplin, ak devouman genyen plis valè pase gwo non ki pa gen kè.

Dènye rapò yo te asosye Callum Hudson-Odoi, Eddie Nketiah, Romeo Lavia, Jayden Owusu ak posiblite pou yo rantre aprè kalifikasyon an. Mesye sa yo ki t ap tann Angletè nan yon premye tan, men wè chans pou ale nan Mondyal la ka pase, ta vle tounen fas yo sou peyi dorijin anpil nan yo te souvan bay do.

Men coach la rete fiks sou prensip li : “Nou pral analize chak ka. Si nou pa t janm rele w epi kounya ou vle vini, sa diferan. Men si nou te pouswiv ou depi 2021, ou di non, epi kounya nou nan Mondyal, ou vle vini se yon lòt bagay.” Otto Addo fè konprann klè : talan pa sifi, ou dwe gen lanmou pou mayo a.

Pou pouswiv, kotch la mete aksan sou jwè ki te la pandan batay yo : “Mwen panse nwayo ekip sa ap rete. Yo merite l. Yo te la lè batay yo te difisil. Yo te jwe tout match kalifikasyon yo.”

Sa montre Otto bati yon ekip sou merit, pa sou presyon medya oswa gwo non k ap jwe nan gwo klèb nan peyi Langletè.

Pou dezyèm fwa youn aprè lòt, Gana ap reprezante Lafrik nan Mondyal la. Sa se yon gwo reyalizasyon, men pou Addo, vrè viktwa a se lespri gwoup la.

Black Stars yo ap ale ak yon ekip soude, fyè, konbatif, kote chak jwè konnen mete mayo a se yon lonè, pa yon favè.

Atravè entèvyou sa seleksyonè montre aklè prensip anvan tout bagay, respè pou drapo a. Angajman se kle. Gana p ap sakrifye inite li pou okenn non.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )