Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Lendi 13 septanm nan make gwo fèt estad nasyonal Kap Vèt nan Praia. Se yon jounen ki fini chome nan tout peyi a , Reken ble yo jwenn tikè pou patisipe nan Koup Dimond 2026 la lè yo bat Eswatini 3-0, yon premye kalifikasyon nan tout listwa Koup Dimond, yo pran premye plas nan gwoup D eliminatwa zòn afrik la ak 23 pwen devan Kamewoun ki gen 19 pwen.
Kalifikasyon sa vini aprè Kap Vèt te domine tout match la. Aksyon yo pa t fini nan filè nan premye peryòd la men sitiyasyon an te nètman chanje nan dezyèm peryòd, gras ak Dailon Livramento 1-0 48èm minit, Willy Semedo ki te fè gòl kont Libi mèkredi a te mete match la 2-0 nan 54èm minit, Stropira ki genyen 37 lane te fè 3èm gòl la nan 90+1 .
Seleksyon nasyonal Kap Vèt la rekonpanse pou travay ak pwogresyon yo fè pandan dènye lane sa yo, Reken ble yo patisipe nan 4 Koup Afrik sou 6 dènye yo. Yo te elimine nan faz gwoup 3 fwa, yo te rive nan kadefinal an 2023, Ejip ak Gana te fè pati gwoup la. Yo pa t janm patisipe anvan 2013. Kap Vèt pa rive kalifye pou pwochen KAN ki ap fèt nan mwa desanm pou bout janvye 2026.
Peyi Kap Vèt ki mezire anviwon 4000 kilomèt kare pral vini pi piti peyi an tèm sipèfisi ki jwe yon Koup Dimond, avan l se te kata 11000 kilomèt kare, Kap Vèt ap dezyèm peyi ki gen mwens abitan ki jwe yon Koup Dimond, anviwon 524 000 moun, peyi ki gen pi piti moun ladann ki jwe Koup Dimond se Island ki te genyen 340 000 moun ladann, li te patisipe nan Koup Dimond 2018 la, li te pran endepans nan lane 1975.
Kamewoun ki te advèsè dirèk Kap Vèt pou premye plas la pa t mèt desten l, Kamewoun fè 0-0 ak Angola nan vil Yawounde, Lyon yo nan dezyèm plas la ak 19 pwen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou