FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

AS Saint Etienne chanje antrenè pou pwochen sezon Première Ligue lan

imaj atik la

23 jen 2025   Jacky Chéry   856

Aprè yon sezon konplike kote yo te menm manke desann nan dezyèm divizyon, AS Saint Etienne rekrite Sébastien Joseph pou pran tèt ekip fanm lan pou pwochen sezon Arkema Première Ligue lan.


Aprè peryòd enterim Marc-Antoine Brihat nan tèt ekip fanm AS Saint Etienne lan, Estefanwaz yo, prensipalman Grenadye Amandine Pierre Louis, pral kapab evolye sou enstriksyon Sébastien Joseph.

Ansyen antrenè Dijon FCO an pran pòs sa pou fè ekip fanm AS Saint Etienne lan franchi yon lòt etap. Sou 2 dènye sezon yo, Estefanwaz yo toujou pase tou pre yon desann nan dezyèm divizyon.

Teknisyen fransè 46 lane an pral kapab fè eksperyans li sèvi piblik vèt lan avèk pou prensipal objektif fè AS Saint Etienne pami 5 meyè ekip Arkema Première Ligue lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )