FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Pri meyè jwez Arkema Première Ligue lan sezon sa pa pou Corventina

imaj atik la

28 Avril 2025   Jacky Chéry   1116

Lig foutbòl fransè an (LFF) pwofite jounen lendi 28 avril lan pou rekonpanse jwez ki te make sezon Arkema Première Ligue lan. Melchie Daëlle Dumornay ki te briyan pandan pratikman tout sezon an sèlman jwenn yon plas nan onz tip lan.


Si pou anpil moun Melchie te yon kandida serye pou Balon dò sezon sa, dènye 48è sa yo mete sou poz tout diskisyon sou sijè sa. Aprè eliminasyon nan demifinal Champions League feminen an, LFF lan jodi lendi an rekonpanse Clara Matéo kòm meyè jwez Arkema Première Ligue lan.

Malgre 15 gòl sou 16 match li jwe pandan sezon an epi yon avans konsiderab avèk Olympique Lyonnais nan tèt klasman Arkema Première Ligue, Melchie Dumornay pa rive devanse atakan Paris FC an, Clara Matéo, ki jiskaprezan se meyè bitè konpetisyon an.

Grenadye an ki pa gen lontan youn nan pi gwo jounal mond lan te klase dezyèm meyè jèn jwez mondyal kontinye poko kapab pran rekonpans endividyèl yo nan peyi Lafrans. Atakan ayisyèn lan gen pou kontinye travay epi genyen avèk ekip li pou kapab rivalize jwez nan pi wo nivo foutbòl mondyal lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )