UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Luis Enrique pa mete dlo nan bouch li pou reponn jounalis yo anvan match fas Barça a

imaj atik la

30 septanb 2025   Neuvième Junior   1407

Aprè Pedri ak lòt ankò, Luis Enrique pa mete dlo nan bouch li pou montre enpòtans ki gen nan randevou sa ak eseye konpare Pedri ak yon aktè sinema.


Demen mèkredi a, se pral match tèt chaje ki ap mete 2 bèl ekip fas pou fas malgre absans anpil jwè kle PSG. Anvan rankont sa jwe, jwè ak antrenè pa sispann reyaji e kòmanse match la depi deyò tèren an.

Aprè Pedri ak lòt ankò, Luis Enrique pa mete dlo nan bouch li pou montre enpòtans ki gen nan randevou sa ak eseye konpare Pedri ak yon aktè sinema.

"Mwen kapab di se ap yon bèl match, se sa li ye lè ou gen 2 ekip ki fyè pou yo atake, ki vle gen kontwol balon an. Mwen toujou santi laprès apresye m. Se yon lòt fason pou montre lanmou. Tout kote mwen te ye m te santi yo renmen m. Mwen ap toujou rekonesan nan Barça, se klèb mwen e se vil mwen. Menm se yon pwofesyonèl nan foutbòl e sosyòs yo konnen sa", komantè teknisyen an fas medya.

Nan menm entèvyou sa, li te avanse pou valide konparezon ant entènasyonal espanyòl la ak Harry Potte !

"Pedri, mwen konnen li byen e se yon jwè ki enkwayab. Mwen renmen wè Barça ki ap jwe e se espesyalman pou yon jwè tankou Pedri. Pou mwen, pa gen dout Pedri se Harry Potter. E mespere li pa pote bagèt majik li a demen. Nou pral fè sa nou kapab pou li mwens patisipe. Men li pral patisipe paske Barça pa sèlman li menm, se Frenkie de Jong nan mitan tèren an, se Pau Cubarsi dèyè a e se Lamine Yamal devan. Se yon pakèt jwè nan wo nivo", presizyon Luis Enrique avan menm dyèl la kòmanse demen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )