Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jodi madi a, make ouvèti dezyèm jounen Ligue Des Champions ewopeyen an. Nan jounen sa, FC Barcelone ap resevwa Paris Saint-Germain demen mèkredi a. Avan rankont lan, milye tèren baselonè a Pedri swete pran revanj aprè klèb katalan te fè defèt nan kadefinal nan lane 2024 kont parizyen yo (3-2, 1-4).

"Se te yon match difisil e nou vle pran revanj", asirans entènasyonal espanyòl la nan konferans pou laprès. "Mwen panse se youn nan pi bèl match nou jwe nan klèb. Paris se youn nan meyè klèb mond lan e mwen konsidere konsidere nou meyè", pawòl Pedri pou ajoute sou sa li t ap di a.
Lè yo te poze li kesyon sou Vitinha li te reponn pou di:
«Vitinha ak mwen se 2 jwè ki renmen gen balon. Nou pa renmen kouri dèyè balon.
Demen, mwen panse tout milye tèren yo, sa vle di, triyo ki ap gen chans jwe nan chak ekip yo, ap gen yon wòl enpòtan pou jwe nan fasafas sa.
Mwen panse se la balans lan ap panche pou yon ekip oubyen yon lòt nan match la.»
Pou fason gran piblik la t ap tann afwontman 2 klèb sa yo, atant yo ka pa rive konble akoz PSG gen plizyè jwè nan pwent atak la ki absan pou match sa san nou pa bliye defansè santral yo a Marquinhos.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou