UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Sèlman 5 ekip ki 6 pwen aprè 2 jounen nan Champions League fanm lan

imaj atik la

17 oktòb 2026   Benswilkenson Jean   891

Champions Laegue fanm lan deja sou 2 jounen depi l kòmanse pou sezon 2025-2026 la. Genyen 5 ekip sèlman ki fè 6/6 pou 2 premye jounen yo.


Sezon Champions League 2025-2026 la demare sou kontinan ewopeyen an. Pi gwo konpetisyon pou klèb fanm yo sou kontinan ewopeyen yo deja sou 2 jounen depi yo kòmanse. Genyen 5 ekip sou 18 ki fè 2 viktwa nan 2 premye jounen yo. Pami yo genyen ekip OL Lyonnes lan ki gen ladan Melchie Daëlle Durmonay.

5 ekip sa yo ki fè 2 viktwa nan premye jounen yo se FC Barcelone, Real Madrid, Wolfburg, OL Lyonnes ak Manchester United. Tout 5 sa yo gentan fè 2 viktwa nan 2 premye jounen yo.

Grenadye nou an Corventina ak klèb li a OL Lyonnes byen demare sezon an nan Champions League la. Yo fè 2 viktwa youn kole ak lòt pou 2 premye jounen yo. Nan 2 viktwa sa yo Corventina te sèl kòk chante nan youn nan viktwa yo.

Fanm konbatant tankou zansèt li Claire Heureuse , Corventina Durmonay te bay ekip OL Lyonnes lan viktwa nan premye jounen an lè li te make 2 gòl fas chanpyon an tit la Arsenal. Gras ak Durmonay OL Lyonnes youn pami 5 ekip ki fè 2 viktwa nan Champions League fanm lan sezon sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )