ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

West Ham fè dezyèm viktwa l nan Premier League la sezon sa

imaj atik la

02 novanm 2025   Benswilkenson Jean   453

West Ham United genyen Newcastle 3-1 nan kad 10èm match li sezon sa nan Premier League. Viktwa sa se dezyèm viktwa Hamers yo nan chanpyona anglè a sezon sa.


Kòmansman sezon an pa dous pou ekip West Ham United la nan Premier League la. Hamers yo jwe 10èm jounen an sou pwòp tèren yo nan London Stadium lan kont ekip Newcastle la. Yo sòti ak yon bèl viktwa 3-1 kont The Magpies yo.

Antrenè pòtigè a Nuno Espirito Santo ki apèn siyen nan ekip la fè premye viktwa l aprè 5 match li dirije deja nan tèt klèb la.

Pou kòmansman sezon an kabwèt ekip West Ham lan pa t ap byen mache ditou. Sou 10 jounen boul yo fè sèlman 2 viktwa ak yon match nil. Yo gen 7 pwen nan klasman an yo plase nan 18èm plas la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )