AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

America des Cayes pran de nouvo jwè aprè depa Stevenson

imaj atik la

27 fevriye 2026   Neuvième Junior   59

Kèk minit aprè America des Cayes fin anonse depa youn nan meyè eleman efektif la te genyen, pou ede l defann konpetisyon an, direksyon an prezante 2 nouvo jwè ki entegre ekip la yon fason pou pote ranfò ak yo nan seri kloti chanpyona nasyonal la.


Aprè plizyè tantativ, direksyon klèb Kòlòs la rive jwenn sinyati jèn milye tèren Jean Juste Mikerson ki sòti nan ekip Port-Salut FC a.

Rekritman sa fèt avèk objektif konble vid Steevenson kite a. Kounya, li rete pou natif pòsali a fè tout posib li pou pran plas li kòm titilè e fè bliye Steevenson.

Yon lòt kote, dirijan yo ofisyalize yon lateral goch pou ede yo defansivman ak pou pote danje ale devan. Jwè sa ki apèn rejwenn klèb America a e ki swete fè diferans lan nan faz sa, rele Chery Archelin. Li vin ranfòse ekip la pou seri kloti chanpyona nasyonal la. N ap note, se Ligue Haïtienne Football ki oganizatè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou