Kredi Foto: @Golayiti
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nottingham Forest revoke antrenè l Sean Dyche aprè match nil li 0-0 fas ekip Wolverhampton lan. Klèb la sou 3 match depi li pa konn gou viktwa nan chanpyona anglè a.
Klèb Premier League anglè a Nottingham Forest deja chanje antrenè 3 fwa pou sezon an. Twa antrenè revoke nan yon sèl sezon nan chanpyona anglè a.
Sean Dyche vini twazyèm antrenè ekip Nottingham Forest la revoke pou sèlman sezon 2025-2026 la. Nuno Spirito Santo, antrenè pòtigè a se premye antrenè pou sezon an direksyon Nottingham Forest la te koupe kontra l nan mwa septanm pase a. Yo ta pral chwazi Ange Postecoglou nan plas la, yo revoke l tou nan mwa oktòb la aprè sèlman 6 match pou 2 match nil ak 4 defèt. Yo ta pral chwazi Sean Dyche yo revoke l aprè 19 match pou 8 viktwa, 8 match nil ak 3 defèt.
Se ansyen antrenè Wolverhampton lan Vitor Pereira yo mete nan tèt ekip la kòm nouvo antrenè ki pral dirije yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou