AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Sébastien Migné nan yon gwo dilèm pou premye match Ayiti nan Mondyal la

imaj atik la

09 jen 2026   Benswilkenson Jean   1818

Antrenè seleksyon nasyonal la Sébastien Migné ap ranje kò l pou jwe premye match li kòm antrenè prensipal nan Mondyal. Chwa espòtif ak taktik seleksyon an mete antrenè a nan gwo refleksyon pou konnen premye onz li ak Grenadye yo nan Mondyal la


Antrenè fransè a Sébastien Migné nan gwo pwoblèm pou chwazi onz jwè ki ap demare Mondyal 2026 la. Pou preparasyon Mondyal la, federasyon ayisyèn lan pèmèt fransè a dirije 2 rankont amikal yon fason pou woule ekip la pou chache 11 premye konbatan li yo pou Mondyal la. Se vre gen pòs ki gentan okipe men pou veritab pòs motè ekip la kapasite jwè yo vin lage coach la nan gwo tèt chaje.

Anba kan an tout moun konnen se Placide men pou chanyè defansif la chwa yo poko fin klè. Se menm jan an tou nan mitan tèren ak nan atak la. Chwa yo mare pye antrenè fransè a.

Yon posib 11 daprè 2 rankont amikal yo ki ta dwe demare mondyal la kont Ekòs:
Gadyen: Placide
Defansè santral: Ricardo Adé ak Hannes Delcroix
Defansè lateral: Carlens Arcus ak Martin Experience
Mitan tèren: Danley, Casimir, Dominique Simon, Ruben Providence.
Atakan: Wilson Isidor ak Frantzdy Pierrot.

Nan yon sistèm 4-4-2, fòmasyon sa a se ta kapab fòmasyon ki pi enteresan selon pèfòmans jwè yo nan 2 match amikal yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )