Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Anvan menm li gen 17 lane, Nya Jean-Baptiste reyisi fè premye pa li avèk ekip nasyonal senyò feminen an nan kad match zanmitay seleksyon an jwe jodi lendi an fas Gine Ekwatoryal.
Defansè entènasyonal U-17 lan te rantre nan plas Milan Pierre Jérôme nan dènye kadè match la aprè yon chòk ki te anpeche l kontinye.
Nya Jean-Baptiste ki sou dezyèm rasanbleman l avèk medam Grenadye yo, finalman jwe sou koulè ekip nasyonal la. Yon fason pou l swiv tras papa l Gilbert Jean-Baptiste ki te fè sa avan li nan kòmansman lane 2000 yo.
Sou lòd Pia Sundhage, jèn defansè 16 lane an kòmanse yon avanti ki pwomèt anpil avèk bò kote l yon latriye jwez eksperimante tankou Melchie, Nerilia, Amandine, Claire Constant, pou n site sa yo sèlman.
N ap note, Seleksyon ayisyèn lan genyen Gine Ekwatoryal (3-1) gras ak Melchie ki fè yon double epi Lourdjina Etienne ki fè lòt gòl la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou