Kredi Foto: @Facebook Baltimore SC
Baltimore SC konnen kounye a ki wout li pral gen pou l suiv nan CFU Club Shield 2026 la aprè tirajosò konpetisyon an ki fèt jodi vandredi 5 jen an. Reprezantan Ayiti a antre dirèkteman nan faz 8èmdefinal la gras ak bon rezilta li te reyalize nan chanpyona nasyonal la.
Klèb Senmak la pral kòmanse kanpay li a kont ekip ki va sòti genyen nan rankont ant St. Paul’s United Strikers FC ki sòti Sent Kis ak Helenites SC ki reprezante sou Zile Vyèj Ameriken yo. Yon premye etap ki kapab pèmèt Baltimore fè yon bon antre nan konpetisyon an.
Si ekip Ernso Datus la rive franchi obstak sa a, li pral jwenn sou wout li nan kadefinal yo swa Metropolitan FA ki soti Pòtoriko oswa ekip ki va sòti genyen nan match ant North Leeward Predators ak SCSA Eagles. Yon tablo ki sanble ouvè pou ekip 4x4 la, ki ka reve ale pi lwen nan tounwa a.
Gwo pisans tankou Mount Pleasant nan Jamayik ak Robinhood nan Sirinam pa sou chimen dirèk Baltimore nan premye faz eliminatwa yo. Sepandan, yon posib konfwontasyon ak Delfines del Este, reprezantan Repiblik Dominikèn nan, kapab rive nan demi final la si tou de (2) ekip yo kontinye avanse.
CFU Club Shield 2026 la ap dewoule nan peyi Trinidad sòti 23 jiyè pou rive 2 dawout 2026 la. Baltimore SC gen anviwon yon mwa pou prepare l pou gwo defi sa a. Pou fanatik klèb 4x4 la, espwa a klè: fè yon bon figi sou sèn karayib la epi eseye rive nan final la.
Yon plas nan final la ap gen yon enpòtans espesyal, paske li ta garanti Baltimore SC yon tikè pou Caribbean Cup 2026 la, pi gwo konpetisyon entèklèb nan rejyon an. Yon objektif ki sanble nan men klèb senmakwa a si li rive pwofite opòtinite tiraj la mete devan li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou