FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Pou Arsène Wenger, Lafrans ta dwe ranpòte Koup Dimond 2026 lan

imaj atik la

9 Jen 2026   Jacky Chéry   299

Nan yon entèvyou Le Figaro rapòte, teknisyen fransè a wè Lafrans kòm gran favori pou ta ranpòte Mondyal 2026 lan tèlman ekip sa gen talan.


Daprè Arsène Wenger, eksperyans Didier Deschamps nan konpetisyon an, mete sou kalite jwè yo nan seleksyon Lafrans lan, fè Lafrans se youn nan meyè ekip nan mond lan jounen jodi a.

Toutfwa, ansyen antrenè Arsenal la idantifye sa daprè li menm ki ta ka reprezante feblès ekip Lafrans lan. Pou Arsène Wenger, ekip la gen twòp jwè ofansif, sa ki ta ka kreye yon dezekilib nan pòs yo.

Teknisyen fransè an rapouswiv pou mete aksan sou enplikasyon jwè ofansif yo nan ede ekip defann jounen jodi a nan foutbòl modèn lan, sa ki kapab bon pou ekip Lafrans lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )