Koup Dimond 2026 la pa pral sèlman make listwa ak 48 ekip pou 104 match. FIFA ap prepare tou yon nouvo fòma seremoni avan match ki pwomèt pou bay konpetisyon an yon dimansyon plis espektakilè pase tout sa fanatik yo te konn wè jiskaprezan.
Daprè enfòmasyon ki soti nan jounal ameriken New-York Times, pandan entonasyon im nasyonal yo, tout jwè yo – kit yo nan onz depa a oswa sou ban ranplasan an – ap reyini ansanm bò wonn santral la. Chanjman sa reprezante yon gwo diferans ak fòma tradisyonèl la kote sèlman jwè ki sou tèren yo konn kanpe an liy anfas tribin yo.
An menm tan, gwo banyè jeyan ki pote koulè drapo chak seleksyon yo pral kouvri chak mwatye teren an, sa ki pral kreye yon spektak vizyèl enpresyonan pou fanatik ki nan estad yo ak milyon telespektatè yo atravè mond lan.
FIFA prevwa amelyore eksperyans sa pandan tout konpetisyon an. Selon menm sous la, nouvo eleman tankou lafimen koulè ak fedatifis pral ajoute nan seremoni yo pou fè chak antre ekip yo vin tounen yon vrè evènman.
Objektif la se bay chak match yon idantite espesyal epi ranfòse emosyon ki akonpaye moman im nasyonal yo, yon etap ki deja konsidere kòm youn nan moman ki pi fò nan nenpòt Koup Dimond.
Pou edisyon istorik sa ki pral dewoule nan peyi Etazini, Kanada ak Meksik, FIFA sanble detèmine pou fè Mondyal 2026 la vin pi gwo ak pi memorab Koup Dimond nan tout istwa jwèt la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou