FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Mawòk pral jwe kont Ayiti san yon jwè enpòtan

imaj atik la

10 jen 2026   Benswilkenson Jean   1438

Seleksyon mawokèn lan ap antre nan Mondyal 2026 la san atakan Real Betis la Abde Ezzalsouli akoz yon blese jwè a pran.


Yon move nouvèl pou seleksyon mawokèn lan ki manke kèk jou pou li jwe premye match li nan Mondyal 2026 la. Lyon Atlas yo pèdi jèn atakan enpòtan yo a Abde Ezzalsouli ki pran yon antòs nan ligaman jenou l.

Daprè dènye enfomasyon yo jwè a p ap disponib pou faz gwoup la, men estaf antrenè Mawòk la p ap ranplase l. Yo espere tann li retounen nan 16èmfinal yo si Mawòk kalifye nan gwoup C a pou faz final yo.

Mawòk ki ap jwe kont Ayiti 24 jen an, pèdi yon jwè ki vrèman enpòtan nan atak la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )