AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Frantzdy Pierrot fè gwo pwomès pou Mondyal la

imaj atik la

08 jen 2026   Benswilkenson Jean   1292

Atakan ayisyen an Frantzdy Pierrot ki se youn nan pi ansyen nan jwè ki konvoke pou Mondyal la nan seleksyon ayisyèn lan pwomèt anpil moun pral choke.


Orijinè ayisyen an Frantzdy Pierrot fè yon deklarasyon ki merite anpil atansyon avan Mondyal 2026 la. Rete sèlman 3 jou pou gran fèt foutbòl la kòmanse. Ayiti bò kote pa l pral viv fèt sa a pou dezyèm fwa nan listwa l aprè 52 lane.

Seleksyon nasyonal la gen pou vwazen nan faz gwoup la Brezil, Ekòs ak Mawòk. Malgre gwo potansyèl seleksyon sa yo ap afiche pandan dènye tan sa yo, jwè ap retire dout nan tèt anpil fanatik ki kwè Ayiti pral mal pase nan Mondyal la.

Atakan ayisyen an ki ap jwe nan Rizespor nan peyi Latiki fè piblik la pwomès ekip la pral choke yo nan Mondyal la. "Nou jis bezwen fè nou fyè de nou menm, e konpetisyon sa ki pral vini an ap fè anpil moun choke" deklarasyon Frantzdy Pierrot.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )